NOU METE TEKNOLOJI NAN LANG OU
Aprann teknoloji an Kreyòl
Ou pa bezwen se yon ekspè, ni pale angle, pou w konprann teknoloji. Nou esplike telefòn, òdinatè, entènèt, sekirite dijital ak entèlijans atifisyèl an Kreyòl klè, pou ayisyen ann Ayiti kou nan dyaspora a.

170k
TikTok
160k
120k
1.1k
YouTube
Kisa w ap aprann
Chwazi yon sijè epi aprann sa w bezwen konnen, etap pa etap.
KOMINOTE NOU
Yon kominote ayisyen k ap aprann teknoloji ansanm
Kit ou ann Ayiti, kit ou nan dyaspora a: aprann sèvi ak zouti dijital yo avèk konfyans, pwoteje kont ou yo ak lajan w, e pran desizyon pi enfòme sou teknoloji.
100%
an Kreyòl, pou Ayiti ak dyaspora a
BLOG
Dènye atik yo
- Non itilizatè WhatsApp: kontakte moun san w pa bay nimewo w
Ak non itilizatè WhatsApp la ak Username Key, moun ka ekri w san yo pa wè nimewo telefòn ou. Men kijan pou w rezève pa w. - Virtualizasyon: kijan pou w mete Windows sou yon Mac san w pa redemare
Yon sèl òdinatè, plizyè sistèm: men kisa virtualizasyon ye, kijan machin vityèl mache, ak poukisa yo itil. - Mizajou: 3 rezon pou w sispann peze « Pita »
Mizajou yo ranje bug, bouche twou sekirite, epi fè aparèy ou mache pi byen. Men poukisa ou pa ta dwe evite yo.
Pa rate okenn videyo
Abòne sou rezo sosyal nou yo pou w pa rate okenn nouvo konsèy.
